Kreyòl Enfo, 23 desanm 2020 .- Bandi k ap fè lalwa nan depatman Latibonit la touye anba bal, yèswa madi 22 desanm nan, yon jèn fi nan zòn Kwamowo, yon lokalite nan komin Lyankou. Jèn fi sa ki rele Preslene Presendieu, 23 lane, ta pral rann dènye souf li nan lopital Dechapèl.
Yon pwòch fanmi an ki pale ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) presize se bandi ak zam ki nan baz » Gran Grif » ki ta wete lavi demwazèl la ak yon bal nan tèt. Preslene Presendieu resevwa katouch la pandan bandi yo t ap simen katouch sou yon ti bis akoz chofè a pat vle kanpe, toujou daprè pwòch viktim nan.
Baz Gran Grif chèf gang Odma ap dirije se youn nan gwoup bandi k ap fè popilasyon Latibonit la monte maswife. Boule moun, boule kay, fouye machin se kèk pami zak manm gwoup bandi sa ap fè nan depatman an.