
Kreyòl Enfo, 6 oktòb 2020.- Endividi otorite yo poko rive idantifye touye anba bal, madi 6 oktòb la, enspektè divizyonè Angelo Verrier nan zòn Fontamara, sid Pòtoprens.
Enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE) konfime enspektè Angelo Verrier te nan machin li nan moman bandi ak zam sou motosiklèt simen katouch sou li. Ofisye polis la rann dènye souf li menm kote a dèyè volan machin li.
Youn nan bandi ki ta komèt krim nan ta pral jwenn lanmò l yon ti tan aprè tou anba bal moun otorite poko idantifye. Enspektè divizyonè Angelo Verrier te rèsponsab sèvis operasyon nan komisarya Kafou a (Omega). Li t ap rantre nan sant vil Pòtoprens lè bandi ouvè bal sou li.
Kidnapig ak asasinay pa janm sispann ogmante nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Pandan kòmansman mwa oktòb la, plizyè moun gentan pèdi lavi yo anba bal bandi san konte lòt yo kidnape.
Kreyòl Enfo