Kreyòl Enfo, 30 mas 2020 .- Yon endividi atake epi blese ak kout kouto, douvanjou lendi a, 2 polisye anndan pòs polis Kanaran an, yon katye nan komin Kwadèboukè. Endividi sa ki te vle atake lòt polisye nan lokal la pèdi lavi l ak yon bal nan tèt.
Youn nan ajan yo ki te blese byen grav ap resevwa laswenyay nan yon lopital nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Lòt polisye viktim nan gentan retounen lakay li.
Endividi ki te atake polisye yo ak kouto a sanble te gen pwoblèm mantal. Malgre plizyè demach, Kreyòl Enfo poko gen enfòmasyon sou idantite endividi sa.
Kreyòl Enfo