Kreyòl Enfo, 17 fevriye 2021.- Chèf gang zòn Fò Dimanch la moun konnen sou non « Ti Jid » tonbe anba bal nan lannuit 11 pou louvri 12 fevriye pase a. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE), se bandi nan yon lòt gang nan kapital la ki simen katouch sou Ti Jid nan moman li t ap fè tantativ pou fè « lapè » nan mitan tout gang k ap fè lalwa nan zòn Site Solèy, Pòtoprens ak anba Dèlma.
Senk (5) lòt moun pami yo 2 fanm pèdi lavi yo tou pandan bandi yo t ap simen katouch. Plizyè lòt endividi ta soti blese tou pandan eskonbrit la.
Depi anviwon 2 lane, bandi ak zam kontwole prèske tout zòn Nò kapital la. Anpil sitwayen oblije kouri kite kay yo pou yo pa viktim anba men bandi yo ki parèt gen plis fòs pase otorite ki nan tèt Leta a.
Kreyòl Enfo