Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Ensekirite

Ensekirite : Yon atis rap tonbe anba bal bandi Pòtoprens

👤 Kreyòl Enfo 14/05/202014/05/2020
Kreyòl Enfo 14/05/202014/05/2020

Kreyòl Enfo, 14 me 2020 .- Lubin Uberman moun plis konnen sou non atis  » Biggy » pèdi lavi l anba bal bandi, aswè mèkredi 13 me 2020 an, nan zòn ri Kapwa, Pòtoprens. Viktim nan se yon rapè ki te nan gwoup Espas nan kòmansman ane 2000 yo.

Lubin Uberman « Biggy » (foto fesbouk)

Enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE) fè kwè « Biggy » t ap soti nan ri Chavàn nan moman plizyè endividi agrese madanm li ki te akonpaye l. Atis la reyaji epi bouskile youn nan yo endividi yo.

Aprè ensidan an, Lubin Uberman te pran direksyon yon biznis kopi ak enpresyon li genyen nan ri Kapwa, bò Channmas. Bandi yo ki te swiv atis la ta pral mete bout nan lavi l ak plizyè katouch.

»   Ensekirite : 2 frè mouri anba bal nan zòn Laplèn

Kriminèl yo wete lavi rapè a devan youn nan pitit li ak tout madanm li. Aprè zak la, bandi yo chape poul yo san pwoblèm.

Biggy, 43 lane, mouri kite plizyè pitit. Fanmi ak zanmi viktim nan mande otorite yo arete epi pini tout moun ki mele nan komèt krim sa.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
asasinayBandi ak zamBiggyEspasLubin UbermanRap
Kreyòl Enfo

Anvan
Eskandal seksyèl : Yves « Dadou » Jean-Bart pa rive reponn kesyon komisè Maxime Auguste
Aprè
Yon peyizan mouri anba bal nan komin Lachapèl, Latibonit

ou ka enterese

Ensekirite-Ayiti : yon enspektè polis tonbe anba bal...

20/05/2020

Ensekirite : yon sibtiti komisè gouvénman pòtoprens tonbe...

19/06/2020

Ensekirite : yon endividi ponyade 2 polisye anndan...

30/03/2020

Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan...

03/04/2020

Ensekirite : yon ansyen komisè polis tonbe anba...

24/09/2020

Okap : Sitwayen nan katye Shada abandone kay...

12/06/2020

Bandi touye yon polisye nan komin Site Solèy

01/06/2020

Krim : yon fanm touye epi koupe tèt...

02/06/2020

Ensekirite : endividi touye epi boule kadav yon...

06/07/2020

IJAN : Bandi ak zam kidnape ansyen foutbolè...

22/10/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
    Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Arnel Joseph, chèf gang Vilaj Dedye a anba kòd
    Arnel Joseph, chèf gang Vilaj Dedye a anba kòd
  • Ijan : nèg ak zam rantre nan sal ijans Lopital jeneral, pran yon malad epi simen katouch sou li
    Ijan : nèg ak zam rantre nan sal ijans Lopital jeneral, pran yon malad epi simen katouch sou li
  • Gonayiv, otorite yo lage koukouwouj dèyè machann k ap vann gaz nan lari
    Gonayiv, otorite yo lage koukouwouj dèyè machann k ap vann gaz nan lari
  • Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)
    Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)
  • Kafou : yon moun mouri pandan manifestasyon pou denonse kidnaping pwopriyetè Titi Loto a
    Kafou : yon moun mouri pandan manifestasyon pou denonse kidnaping pwopriyetè Titi Loto a
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
  • Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
    Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.