
Kreyòl Enfo, 24 septanm 2020.- Prezidan direktè jeneral konpayi sekirite « Puma », Evens Morancy, pèdi lavi l anba bal bandi, maten jedi 24 septanm 2020 an, zòn Dèlma 33, tou pre biwo travay li. Viktim nan te nan yon machin prive nan moman endividi otorite yo poko rive idantifye louvri katouch sou machin nan.
Evens Morancy se yon ansyen komisè prensipal nan Polis Nasyonal Ayiti a (PNH, sig nan lang franse). Avan li kite enstitisyon an, li te travay nan komisarya Petyonvil. Komisè Morancy te ajan nan inite espesyalize CAT TEAM.
Kreyòl Enfo