Kreyòl Enfo, 19 dawout 2019 .- Pou pi piti de (2) moun blese anba bal nan katye Matisan, jodi lendi a (19), pandan yon gwoup bandi t ap tante pran yon kamyon machandiz ki t ap soti nan Sidès pou rantre Pòtoprens.
Enfòmasyon ki rive jwenn Kreyòl Enfo konfime se mèt kamyon an ansanm ak yon travayè ki viktim anba katouch bandi yo. Gras ak dilijans kèk sitwayen, viktim yo ap pran laswenyay nan yon lopital nan kapital.
Sitiyasyon an malouk nan rantre sid kapital la sitou nan katye Matisan kote bandi ap taye banda.
Kreyòl Enfo