Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Ensekirite

Ensekirite : endividi touye epi boule kadav yon polisye nan vil Senmak

👤 Kreyòl Enfo 06/07/202006/07/2020
Kreyòl Enfo 06/07/202006/07/2020

Kreyòl Enfo, 6 jiyè 2020 .- Richard Polycarpe se yon jèn polisye ki pèdi lavi l nan vil Senmak (Latibonit) nan lanwit samdi pou louvri dimanch 5 jiyè 2020 an. Viktim nan ki te soti nan 30e pwomosyon Polis Nasyonal Ayiti a (PNH, sig nan lang franse) mouri nan yon pwogram Atè Plat nan zòn Pòtay Gèp.

Daprè eksplikasyon kèk temwen pataje ak kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) nan depatman Latibonit la, Richard Polycarpe te nan gwo diskisyon ak yon jèn fi ki rele Nana aprè li te fin peze dèyè l nan pwogram Atè Plat la. Pandan eskonbrit la, yon jèn gason moun plis konnen sou non Lony ki ta gen relasyon ak jèn fi a rale zam li epi tonbe tire.

»   Kafou : yon moun mouri pandan manifestasyon pou denonse kidnaping pwopriyetè Titi Loto a

Polisye a li menm tou rale zam epi simen katouch. Pou pi piti 3 moun pran bal. Temwen an presize endividi ki rele Lony an resevwa 3 katouch, yon chofè taksi moto pran 2 bal epi Nana resevwa yon katouch.

Touswit aprè, yon gwoup endividi nan zòn Pòtay Gèp anvayi Richard Polycarpe ak kout wòch, kout manchèt. Aprè yo fin touye polisye a, endividi yo mete kawoutchou ak dife sou kadav la.

Polisye nan vil Senmak ki te pran anpil tan pou rive, leve rès kadav viktim nan douvanjou dimanch la.

Richard Polycarpe, 30e pwomosyon, t ap travay nan komisarya Fresino a. Li te etidye sikoloji tou nan fakilte Etnoloji ki nan Inivèsite Leta Ayiti a(ILA).

»   Latibonit, 4 moun mouri anba bal pandan wikenn nan

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Atè PlatensekiriteKadav boulelapolisLatibonitRichard PolycarpeSenmak
Kreyòl Enfo

Anvan
Etazini pral koupe viza etidyan etranje k ap swiv kou sèlman sou entènèt
Aprè
Pakè Pòtoprens pase lòd pou arete « Pwofèt Berger » pou zam ilegal ak asosyasyon malfektè

ou ka enterese

Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal...

18/01/2021

Yon prezime bandi mouri nan prizon sivil Okap...

05/05/2020

Sitiyasyon lagè nan 3e sikonskripsyon Pòtoprens, pase 20...

14/04/2020

11 jounalis manke viktim pandan 2 gwoup gang...

06/05/2020

Ensekirite : Luckner « Louko » Désir blese anba bal...

09/04/2020

Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan...

03/04/2020

Latibonit, 4 moun mouri anba bal pandan wikenn...

30/03/2020

Pòtoprens, bandi ak zam touye yon jèn gason...

08/05/2020

Ensekirite : yon pwofesè lekol tonbe anba bal...

25/08/2020

Ensekirite : yon polisye tonbe anba bal epi...

18/07/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
    Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
  • Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
    Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
  • IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
    IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
  • Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
    Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
  • Masak Lasalin : 64 moun mouri pami yo 16 fanm ak 6 timoun, daprè RNDDH
    Masak Lasalin : 64 moun mouri pami yo 16 fanm ak 6 timoun, daprè RNDDH
  • Latibonit : chèf gang Savyen an sèmante l ap touye jounalis Pradel Alexandre
    Latibonit : chèf gang Savyen an sèmante l ap touye jounalis Pradel Alexandre
  • Lanmò : rèsponsab zafè jiridik nan Fakilte dwa ak syans ekonomik la (FDSE) mouri
    Lanmò : rèsponsab zafè jiridik nan Fakilte dwa ak syans ekonomik la (FDSE) mouri
  • Masak Lasalin : Lajistis entèdi 2 gwo chabrak nan pouvwa Tèt Kale a kite peyi a
    Masak Lasalin : Lajistis entèdi 2 gwo chabrak nan pouvwa Tèt Kale a kite peyi a
  • Pòtoprens, bandi ak zam touye yon jèn gason anndan machin li
    Pòtoprens, bandi ak zam touye yon jèn gason anndan machin li

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.