
Kreyòl Enfo, 7 septanm 2020.- Pou pi piti kat (4) moun mouri epi plizyè kay boule, pandan wikenn nan, zòn Bitbwaye ak Kwadèmisyon, nan komin Taba. Abitan k ap kouri abandone zòn sa yo pou pa viktim akize gang « Chyen mechan » ak « G9 en famille et alliés » kòm rèsponsab krim sa yo.
Youn nan sitwayen ki kouri kite kay li Kwadèmisyon eksplike » bandi yo debake ak gwo zam fann fwa epi simen bal sou tout moun. » Li konfime asasen yo « mete dife nan plizyè kay » nan katye Bitbwaye ak Kwadèmisyon.
Depi aprè midi samdi 5 septanm nan, bandi ak zam ap feraye nan komin Taba. Sitwayen yo ki wozabwa mande konkou lapolis ak otorite nan Leta a pou ba yo yon souf anba bandi ki pa sispann touye, boule kay epi vòlè tout sa yo jwenn.
Semèn pase a, yon gwoup bandi yo di ki soti nan federasyon gang « G9 en famille et alliés » te komèt menm zak yo nan katye Bèlè (Pòtoprens). Malgre anpil gwo deklarasyon otorite, bandi toujou ap fè lalwa nan prèske tout peyi a.
Prezidan Jovenel Moise ki rekonèt lapolis parèt san fòs pou konbat ensekirite a pwomèt pou « lage lame nan bouda » bandi yo.
Kreyòl Enfo