Kreyòl Enfo, 13 janvye 2021.– Twa (3) machann telefòn blese anba bal, aprè midi mèkredi a (13), pandan yon fiziyad nan lantouray Channmas la, tou pre palè nasyonal. Pou kounye a, viktim yo ap resevwa laswenyay nan yon lopital nan kapital la.

Espas kote machann telefòn yo chita sou Channmas
Youn nan temwen yo ki pale ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) eksplike se twa (3) endividi sou motosiklèt ki fè tankou yo vin achte telefòn epi louvri katouch sou machann yo. Pami viktim yo gen « Mazora » ak » Big », 2 machann telefòn anpil moun konnen sou Channmas la.
Li enpòtan poun siyale ensidan sa rive nan lantouray Komisarya Pòtoprens, baz Inite depatmantal pou tabli lapè (UDMO, sig nan lang franse), Direksyon depatmantal lapolis Lwès ak Palè nasyonal.
Machin ensekirite a pa epanye pèsonn nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la kote lapolis parèt san fòs pou frennen aksyon bandi yo.
Kreyòl Enfo