
Kreyòl Enfo, 27 jiyè 2020.- Yon gwoup sitwayen nan komin Ench, Plato Santral, ap pwoteste depi plizyè jou kont nominasyon sitwayen Jonel Jean-Baptiste nan komisyon kominal la. Ayè maten lendi 27 jiyè a, pwotestatè yo te boule anpil kawoutchou epi bloke wout prensipal pou rantre nan vil la.
Kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) nan depatman Sant la konstate sitwayen yo te itilize anpil bout bwa pou bloke rantre nan zòn pon Enkit. Yo boule anpil kawoutchou tou devan baryè prensipal meri a.
Youn nan manm komisyon kominal la, Mimose Placide, te deja ekri ministè enteryè pou anonse demisyon li nan komisyon kap dirije meri a. Mimose Placide di li pap travay ak majistra prensipal la.
Kreyòl Enfo