
Kreyòl Enfo, 5 jiyè 2020.- Yon delege nan Pati revolisyonè modèn (PRM) mouri anba bal jodi dimanch la (5) devan yon sant vòt nan zòn Simon Bolivar, Distri Nasyonal, Santo Domingo. 3 lòt militan pati a soti blese pandan fiziyad sa.
Daprè enfòmasyon kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) k ap swiv dewoulman eleksyon sa yo Repiblik Dominikèn, ensidan sa rive pandan yon gwoup patizan PRM t ap rele « se van se van » devan yon gwoup militan PLD, pati sou pouvwa a, ki toujou mache ak zam nan men yo.
Eskonbrit la pete nan sant vòt Nuestra Señora del Carmen. Delege PRM ki mouri a rele Júlio Pérez. Lòt twa (3) moun ki blese yo ap pran laswenyay sou kabann lopital.
Anviwon 7,5 milyon Dominiken ap vote jodi a pou chwazi depite, senatè ak yon nouvo prezidan pou ranplase Danilo Medina.
Kreyòl Enfo