Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Eleksyon 2015 : endividi agrese yon jounalis radyo Melodi FM nan vil Kabarè

👤 Kreyòl Enfo 09/08/201529/11/2019
Kreyòl Enfo 09/08/201529/11/2019

Kreyòl Enfo, 9 dawout 2015.- Sophar Sanon, jounalis radyo Mélodie FM, pase yon move moman, nan mitan jounen dimanch la (9), anba men yon gwoup endividi ak zam nan sant vòt lekòl nasyonal Sen Jera a, nan seksyon Sous Matla, komin Kabarè.

Jounalis la resevwa pataswèl ak anpil move pawòl anba men endividi sa yo ki ta manm yon gwoup gang ki rele « Baz 22 », daprè enfòmasyon kèk abitan nan zòn nan pataje ak redaksyon Kreyòl Enfo. Jèn gason sa yo ki te gen zam ak kouto nan men yo di yo se defansè kandida pou pòs depite sikonskripsyon kabarè anba banyè Fanmi Lavalas la, Joseph Manès Louis.

Sou chòk, direktè sal nouvèl Melodi FM nan denonse zak agresyon li viktim anba men bandi sa yo. Sophar Sanon di zak sa se vyolasyon dwa yon jounalis genyen pou fè travay li san kontret. Konfrè a kritike Lapolis li di ki pat prezan nan sant vòt sa pou garanti sekirite sitwayen ki te vin ranpli devwa sivik yo.

Sophar Sanon mande otorite nan Lapolis ak Lajistis pran dispozisyon pou fouke epi aplike lalwa kont bandi sa yo. Jounalis Reginald Remy k ap travay pou Karayib FM, ki li menm tou te nan sant vòt la men ki pa t asiste ak ensidan an, mande jistis ak reparasyon pou direktè sal nouvèl Melodie FM nan epi swete lidè politik yo sispann rantre nan kòkòday ak bandi pou genyen eleksyon.

Sophar Sanon eksplike se depi 18 jiyè endividi sa yo kòmanse fè l menas pandan li t ap kouvri kanpay pou yon lòt kandida pou pòs depite nan sikonskripsyon-an, Joseph Duckens Louisma.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Kreyòl Enfo

Aprè
Ayiti – Edikasyon : Lendi 3 septanm, dat ofisyèl pou lekòl louvri

ou ka enterese

Eksplozyon kamyon Onavil : youn nan 3 sapè...

10/05/2020

Sekirite : Prezidan Repiblik la eksplike misyon « espesyalis...

15/10/2019

Plizyè moun mouri nan yon aksidan machin sou...

21/01/2019

Ensekirite : 3 moun mouri, plizyè lòt blese...

22/02/2019

Yon polisye ta touye tèt li anndan prizon...

17/04/2019

Gonayiv, yon foul moun manifeste kont Jovenel Moise...

05/12/2019

Yon endividi yo sispèk ki t ap fouye...

14/12/2018

Yon gwoup polisye manifeste Pòtoprens, plizyè estann boule...

17/02/2020

Penitansye nasyonal konfime 11 prizonye kontamine ak kowonaviris

22/05/2020

Anel, chèf gang Vilaj Dedye, nan tèt yon...

13/02/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Yon etidyan Fakilte Syans Moun (FASCH) blese anba bal lapolis
    Yon etidyan Fakilte Syans Moun (FASCH) blese anba bal lapolis
  • IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
    IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
  • Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
    Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
  • Gonayiv : pwotestasyon yon gwoup chofè kamyon pou reklame lajan yo te transpòte prizonye
    Gonayiv : pwotestasyon yon gwoup chofè kamyon pou reklame lajan yo te transpòte prizonye
  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Opozisyon an anonse 2 jounen grèv ak yon  manifestasyon pou senmenn nan
    Opozisyon an anonse 2 jounen grèv ak yon manifestasyon pou senmenn nan
  • 2 jèn fi pami yo yon polisyè mouri nan aksidan machin
    2 jèn fi pami yo yon polisyè mouri nan aksidan machin

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.