
Kreyòl Enfo, 27 dawout 2020.- Gouvènè Bank Repiblik Ayiti a (BRH, sig nan lang franse), Jean Baden Dubois, anonse pandan yon konferans, ayè lendi a, gen gwo sanksyon ki tonbe sou Unibank ak kapital bank. Mesye Dubois presize sanksyon sa yo pran aprè yon vizit enspeksyon BRH te fè nan 2 bank komèsyal prive sa yo pou gade si tout konsiy Leta yo t ap aplike.
Rèsponsab Unibank yo ap gen pou peye yon penalite ki evalye ak 864 milyon goud, tandiske Kapital bank li menm ap gen pou bay 3,9 milyon goud, toujou daprè presizyon gouvènè a ki pat bay twòp detay sou rezon ki pouse BRH sanksyone bank sa yo.
Gouvènè a fè kwè Bank santral gen abitid pran sanksyon deja kont anpil lòt enstitisyon bankè nan peyi a. Jean Baden Dubois di, malgre goud la deja tounen zòrèy bourik devan dola a, sistèm bankè ayisyen an ap byen fonksyone .
Gouvènè a souliye, pou kounye a, Bank santral la genyen 631 milyon dola ameriken kòm rezèv.
Kreyòl Enfo