Sekretè Leta kominikasyon an retire tout dout ki te genyen sou prezans prezidan Jovenel Moise nan vil Okap 18 novanm 2018 la.
Eddy Jackson Alexis konfime chèf Leta a ap rantre nan depatman Nò a pou selebre 215 lane depi lame Desalin nan te krabinen lame fransè Napoleon t ap dirije a.
Anpil rimè t ap kouri pou fè kwè Jovenel Moise pap parèt pwent tèt li Okap 18 novanm nan lide pou evite derapaj.