Kreyòl Enfo, 14 janvye 2021.- Espesyalis nan sekirite piblik Doktè Yves Cadet mouri douvanjou jedi 14 janvye a pandan yo t ap kouri ak li lopital. Yon pwòch defen an ki konfime enfòmasyon an pou Kreyòl Enfo presize espesyalis la te sèlman santi yon malèz lendi pase a aprè li te fin manje yon pwa kongo.
Doktè Yves Cadet, 68 lane, rann dènye souf li nan moman fenomèn ensekirite a anvayi peyi a. Li te toujou ap denonse fason otorite yo ap jere sekirite peyi a. Pou Doktè Yves Cadet, chak sitwayen k ap viv Ayiti gen malè pandye sou tèt yo akoz Leta pa janm gen yon plan sekirite piblik.
Kreyòl Enfo

Doktè Yves Cadet (foto entènèt)