
Kreyòl Enfo, 21 dawout 2020.- Polis Imigrasyon ak kontwòl fwontyè nan Depatman sekirite enteryè Etazini ( Immigration and Customs Enforcement) arete, jodi vandredi a (21), antreprenè ayisyen Dimitri Vorbe nan eta Florid.
Plizyè medya souliye Dimitri Vorbe jwenn arèstasyon li sou pretèks li ta fè twòp tan Etazini san otorizasyon. Pou kounye a Dimitri Vorbe twouve l fèmen nan sant Krome North SPC nan vil Miami,daprè enfòmasyon otorite amerikèn yo pibliye sou sit entènèt sistèm lokalizasyon Depatman sekirite enteryè.
Lajistis nan Ayiti te mete yon manda entènasyonal dèyè patwon SOGENER a yo akize kòm moun ki ta mele nan kòripsyon. Dimitri Vorbe se yon opozan fawouch pouvwa Tèt Kale a.
Kreyòl Enfo