Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
AktyaliteDyaspora

Chili : 14 Ayisyen kontamine ak kowonaviris nan vil Quilicura

👤 Kreyòl Enfo 10/04/202010/04/2020
Kreyòl Enfo 10/04/202010/04/2020

Kreyòl Enfo, 10 avril 2020 .- katòz (14) sitwayen Ayisyen kontamine ak nouvo kowonaviris la nan komin Quilicura, rejyon metwopolitèn Santyago, Chili, daprè enfòmasyon kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) nan rejyon an konfime.

Otorite minisipal Quilicura yo presize, sou fesbouk, tout konpatriyòt ayisyen ki  » enfekte yo deja nan yon sant espesyal gouvènman mete disponib pou moun ki kontamine yo pase peryòd karantèn nan ». Ministè lasante nan peyi Chili presize  » sant pou moun pase peryòd karantèn nan gen bon jan sekirite ak pwofesyonèl lasante pou bay malad yo laswenyay ».

Lameri nan komin Quilicura anonse y ap kontinye fè tès pou tout sitwayen ki nan komin yon manyè pou idantifye moun ki kontamine yo epi limite kantite moun ki viktim anba pandemi a.

»   Espay : 849 moun peri ak kovid-19 pandan jounen an, plis moun ki mouri nan yon jou

Chili se youn nan peyi nan zòn Amerik Latin nan ki gen plis Ayisyen. Plis pase 100 000 konpatriyòt ap viv nan peyi sa.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
chilidyasporaKowonavirisQuilicura
Kreyòl Enfo

Anvan
Kowonaviris : yon jiris kontamine, MSPP mande fèmen tribinal depè seksyon Nò Pòtoprens la
Aprè
Brezil, plis pase 1 000 moun deja mouri ak kowonaviris

ou ka enterese

Ayiti Latwoublay : yon chofè kamyon mouri sou...

18/02/2019

Pwosesyon Imakile : kretyen Katolik yo mande《 manman...

08/12/2018

Lapolis repran kontwòl Savann Pistach

28/12/2018

Move tan : vil Gonayiv anba dlo

26/09/2019

Ensekirite : Sitiyasyon an mangonmen nan Site Solèy...

15/04/2019

Yanick Joseph, chèf sendika SPNH-17 la, demisyone nan...

19/06/2020

Machan Desalin : 6 moun mouri ak plizyè...

24/07/2019

ANAPOHA, yon dezyèm sendika ki pran nesans nan...

14/05/2020

Jovenel Moise nome 3 nouvo jij nan Lakou...

12/02/2021

Masak sou Bèlè : òganizasyon dwa moun yo...

12/11/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
    Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
  • Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
    Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.