Onorab yo sanble bay bandi legen anba lavi l la ! sekretarya chanm depite a deside bay tout anplwaye konje jodi vandredi 16 novanm 2018 la akoz ensekirite ki tabli sou bisantnè a. Yon desizyon ki vini kèk èd tan aprè machin depite sikonskripsyon Dammari a, Curolo Loiseu, te fin resevwa yon katouch nan lakou palman an menm.
Malgre prezidan sena a, Joseph Lambert, sou bò pa l, te mande tout anplwaye ak senatè vin travay, Kreyòl Enfo konstate se kèk grenn anplwaye ki te parèt pwent tèt yo nan sena Repiblik la. Senatè yo ki deja ap kouri sou plizyè senmenn yo pa fè seyans pat vrèman prezante nan espas la tou.
Zak ensekirite pa sispann vale teren nan kapital la sitou nan zòn Lasalin kote yon dividal moun ta deja mouri. Sekretè Leta kominikasyon an, Eddy Jackson Alexis, pwomèt jodi a lapolis pral fouke bandi yo epi fè lapè tounen nan kapital la.