Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Sosyete

« Car Wash » nan ri lantèman : yon moun mouri, plizyè lòt blese anba bal

👤 Kreyòl Enfo 19/07/202019/07/2020
Kreyòl Enfo 19/07/202019/07/2020

Kreyòl Enfo, 19 jiyè 2020.- Pou pi piti yon moun mouri epi plizyè lòt blese anba bal, aswè dimanch la (19), pandan yon banbòch kiltirèl devègonde yo rele  » Car Wash » nan ri lantèman, sant Pòtoprens. Yon aktivite ki reyini plizyè mil pleziyis nan mitan yon epidemi.

Daprè esplikasyon kèk temwen pataje ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE), eskonbrit la pete pandan ajan fòs lòd yo akonpaye ak reprezantan pakè Pòtoprens te debake nan pwogram sa epi tire anpil katouch pou gaye yon foul jenn fanm ak jenn gason ki t ap pran plezi yo tèt kale malgre epidemi Kowonaviris la. Banbochè yo, san kachnen, te tonbe kouri nan tout direksyon. Kèk nan yo te reponn otorite yo ak anpil kout wòch ak kout boutèy.

»   Yon polisye nan komisarya Petyonvil mouri ak sentom Kovid-19 yo

Enfòmasyon yo fè kwè te gen sivil ak zam tou nan mitan pleziyis yo. Pou kounye a, poko gen okenn enfòmasyon ofisyèl sou zam ki ta tire moun ki mouri a. Toutfwa, plizyè moun akize lapolis kòm prensipal rèsponsab ensidan sa.

Aktivite « Car Wash » sa òganize nan divès katye zòn metwopolitèn Pòtoprens la malgre Leta ayisyen entèndi pwogram ki reyini anpil akoz pandemi Kovid-19 la. Anpil obsèvatè swete otorite yo arete epi pini tout endividi ki mele nan òganize banbòch devègonde sa yo.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
"Car Wash"BanbòchDevègondePNHRi Lantèman
Kreyòl Enfo

Anvan
Ensekirite : yon polisye tonbe anba bal epi yon lòt blese nan komin Dèlma
Aprè
MOPOD revòlte kont dènye deklarasyon Jovenel Moise yo epi mande popilasyon an leve kanpe

ou ka enterese

Eskandal seksyèl nan sant Kwadèboukè a : patwon...

05/05/2020

Yon sitwayen dominiken mouri pandan li te vin...

20/05/2020

Gonayiv : lajistis fouke Fernélus Altima, yon devègonde...

22/07/2020

Zile Kayimit, yon nouvo komin nan peyi a

12/07/2020

Meyak, yon lokalite nan depatman Nòdès, ap fè...

13/05/2020

Yon gwoup anplwaye badijonnen lokal ministè pou afè...

29/06/2020

Vodouyizan epi militan politik « Sò Àn » mouri sou...

17/04/2020

Sant Emmanuel Charlemagne, yon espas kiltirèl modèn k...

15/08/2020

Eskandal seksyèl : plizyè jwè foutbòl fanm akize...

30/04/2020

Jounen timoun ayisyen, IBESR mande « Pran swen...

14/06/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
    Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
  • Masak Lasalin : 64 moun mouri pami yo 16 fanm ak 6 timoun, daprè RNDDH
    Masak Lasalin : 64 moun mouri pami yo 16 fanm ak 6 timoun, daprè RNDDH
  • Masak Lasalin : Lajistis entèdi 2 gwo chabrak nan pouvwa Tèt Kale a kite peyi a
    Masak Lasalin : Lajistis entèdi 2 gwo chabrak nan pouvwa Tèt Kale a kite peyi a
  • Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
    Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
  • IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
    IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
  • MOPOD  mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
    MOPOD mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
  • Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
    Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
  • Yon mwa aprè, Jovenel Moise pale pou premye fwa sou masak Lasalin nan
    Yon mwa aprè, Jovenel Moise pale pou premye fwa sou masak Lasalin nan
  • Boutofen, pwojè lwa finans 2018-2019 la depoze nan palman an
    Boutofen, pwojè lwa finans 2018-2019 la depoze nan palman an

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.