Kreyòl Enfo, 11 jen 2020 .- Twa (3) migran ayisyen jwenn arèstasyon yo, dimanch 7 jen an, nan vil Contagem, zòn metwopolitèn Belo Horizonte, eta Minas Gerais. Lapolis mete lapat sou jèn gason sa yo aprè yo te fin epi vole yon machin mak Siena.

Daprè rèsponsab 39° Batayon Polis Militè nan vil Contagem, zak la pase dimanch maten bò 9vè. Li eksplike se pandan yon sitwayen brezilyen ap soti lakay li, bandi yo rale zam sou li, fòse l desann epi pran machin nan kouri ak tout boulin (vitès).
Touswit aprè aksyon an, viktim nan kontakte lapolis. «Li eksplike vòlè yo se etranje paske yo t ap pale pòtigè a yon fason dwòl», daprè sa Sèjan Samuel ki te nan tèt operasyon an rapòte. Polisye yo pat pran tan pou lokalize machin nan epi kòmanse swiv vòlè yo.
Youn nan ayisyen ki t ap kontwi machin yo fin vòlè a pèdi kontwòl volan an epi al frape nan yon poto. Aprè aksidan an, bandi yo abandone machin nan epi pete kouri. Men, dis (10) polisye militè ki te nan operasyon an rive mete lapat sou yo. Pou kounye a, prezime vòlè yo fèmen nan prizon.
Aksyon twa jèn gason sa yo endiye kominote ayisyèn ki nan zòn metwopolitèn Belo Horizonte a, Sidès Brezil. Yon rejyon kote plis pase 10 mil ayisyen ap viv.
Kreyòl Enfo