
Kreyòl Enfo, 24 jen 2020.- Depi lendi 22 jen, pi plis lajan ameriken yon kliyan ka retire nan Bank Nasyonal Kredi (BNC, sig nan lang franse) se 2 000,00 dola. Nan avi, rèsponsab yo eksplike desizyon sa pran nan lide pou pi byen jere ti kras dola ki disponib nan kès Bank Nasyonal Kredi yo.
Si yon kliyan ta gen ijans pou retire plis pase 2 000,00 dola vèt, direksyon rezo BNC a ap analise demand la epi voye yon mesaj bay direksyon operasyon bank la pou mande otorizasyon pou fè tranzaksyon an.
Bank Nasyonal Kredi se premye bank komèsyal ki limite ofisyèlman kantite dola yon kliyan ka retire pandan yon tranzaksyon. Sepandan, plizyè lòt bank pa bay kliyan yo plis pase 500,00 dola ameriken malgre yo pa soti okenn nòt ofisyèl sou dosye sa.
Depi anviwon yon mwa, sitwayen ki sere lajan ameriken nan bank komèsyal yo gen gwo difikilte pou retire lajan sa. Yon sitiyasyon ki kreye gwo bouch louvri nan mitan kliyan aķ anplwaye bank sa yo.
Kreyòl Enfo