Kreyòl Enfo, 26 mas 2019 .- Opinyon yo divize nan vil Gonayiv sou Plaj Piblik, Bambino, lameri ap konstwi nan zòn Anba Pwent, tou kole ak santral elektrik vil la.
Yon kategori moun bat bravo pou pwojè sa malgre li poko fini. Sitwayen sa yo kwè plaj Bambino a pral leve eskanp figi Anba Pwent, yon zòn ki abitye gen move zak.
Yon lòt kategori sitwayen pa mete dlo nan bouch yo pou kritike majistra Neil Latortue yo estime ki plis ap fè politik ak plaj la olye li travay nan enterè popilasyon an. Yo denonse yon pakèt lajan k ap depanse pou reyalize pwojè sa alòske se pa yon plaj modèn ki ka atire touris.
Pwojè konstriksyon plaj piblik Gonayiv la ki poko janm fini tanmen depi lane 2017.
Docteur Rolguy