Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Ayiti-politik : yon minis Tèt Kale pwovoke gwo eskonbrit nan lakoudèkont

👤 Kreyòl Enfo 23/09/2020
Kreyòl Enfo 23/09/2020

Kreyòl Enfo, 23 septanm 2020.- Gwo eskonbrit pete, aprè midi mèkredi 23 septanm 2020 an, nan lokal Lakoudèkont ak kontansye administratif (CSC/CA, sig nan lang franse). Daprè enfòmasyon prezidan enstitisyon an, Rogavil Boiguéné, konfime pou redaksyon Kreyòl Enfo (KE), deblozay sa pete aprè minis travo piblik, transpò ak kominikasyon an, Joiseus Nader, te debake britsoukou nan lokal la.

Prezidan CSC/CA a denonse minis la li di ki debake ak yon dividal nèg ak gwo zam fanm fwa ansanm plizyè jounalis. Mèt Boiguéné souliye minis Nader rantre nan tout espas sansib ki genyen nan lokal enstitisyon an kote anplwaye yo ap travay sou anpil dosye kòripsyon tankou PetwoKaribe.

»   "Jan prezidan an vle a", ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti ap retounen louvri madi 30 jen

Rogavil Boiguéné te pase lòd pou fèmen tout baryè epi egzije prezans yon jij depè nan espas la pou fè konsta legal yo avan li pèmèt minis la kite lokal la. Chèf gouvènman an, Joseph Jouthe, te oblije ale nan lokal CSC/CA a pou pèmèt Joiseus Nader soti nan lokal la ansanm ak moun ki te akonpaye l yo.

Gwo bouch louvri te deja egziste nan mitan CSC/CA ak manm pouvwa Egzekitif la aprè jij yo te refize bay avi favorab ak yon seri akò Leta ayisyen ta pral siyen ak konpayi « General Electric » pou pwodwi kouran.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Nader Joiseus
Kreyòl Enfo

Anvan
Lanmò : rèsponsab zafè jiridik nan Fakilte dwa ak syans ekonomik la (FDSE) mouri
Aprè
Ensekirite : yon ansyen komisè polis tonbe anba bal bandi

ou ka enterese

Asasina Monferrier Dorval : fanmi viktim nan chwazi...

08/09/2020

Hérold Jean-François, Himmler Rebu, Edgar Leblanc Fils…trèz pèsonalite...

31/01/2019

Majistra Pòdepè a di li pa resevwa okenn...

11/12/2018

Kowonaviris : MSPP konfime yon 4e moun mouri,...

21/04/2020

Bandi kidnape 2 doktè nan komin Dèlma

29/02/2020

Etazini pral koupe viza etidyan etranje k ap...

06/07/2020

Nan 2 jou, kowonaviris touye 13 moun Ayiti...

10/07/2020

Pastè Edris Masséna lapolis te arete paske li...

02/06/2020

Pòdepè : Lajistis fouke yon nonm ki ta...

04/02/2019

Jij depè Wifrid Lariviere maspinen grefye Yolette Forent...

14/08/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
    IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
  • Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
    Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
    Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
  • Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
    Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.