Prezidan Sena Repiblik la, Joseph Lambert lonje dwèt sou pouvwa egzekitif la li di k ap trennen ak dosye premye minis nonmen an ki lakoz seyans ratifikasyon poko janm ka òganize nan sena a.
Reprezantan depatman Sid la, eksplike komisyon espesyal sena a ki tap etidye pyès notè Jean Henri Céant an fini ak travay yo depi senmenn pase a. Joseph Lambert anonse li pral ekri premye minis Jean Henry Céant pou l envite l vin prezante, madi 4 oubyen mèkredi 5 sepatanm sa, deklarasyon politik jeneral li ak tout manm kabinè a.
Prezidan sena a tou pwofite demanti konseye espesyal chèf Leta a, Guichard Doré, ki fè kwè se pouvwa lejislatif la ki responsab si peyi a poko genyen yon nouvo gouvènman plis pase yon mwa aprè deziyasyon Jean Henry Céant.
Kreyòl Enfo