Premye minis nonmen an, Jean Henry Céant depoze, madi 4 septanm lan, kopi deklarsyon politik jeneral li nan sena Repiblik la. Notè Céant raple se konstitisyon an ki egzije li depoze dokiman sa pou palmantè yo analize avan seyans ratifikasyon an.
Prezidan sena a presize Jean Henry Céant remèt sena a 35 kopi deklarasyon politik jeneral li san arete ki nonmen moun kap nan kabinè ministeryèl la. Joseph Lambert deklare sa montre byen klè pouvwa egzekitif la poko pare tout bon vre pou seyans ratifikasyon premye minis nonmen òganize nan sena Repiblik la.
Kreyòl Enfo