Pòtoprens, jedi 22 novanm 2018 .- Nan yon nòt ofisyèl maten an, Anbasad amerikèn mande prezidan Jovenel Moise batay kont kòripsyon k ap brase bil peyi a.
Ameriken yo mete nòt sa deyò nan yon moman kote gen gwo mibilizasyon nan Pòtoprens ak lòt vil pwovens yo pou fòse Leta fè limyè sou lajan PetwoKaribe a epi egzije demisyon prezidan Jovenel Moise.
▶Men vèsyon Kreyòl nòt Anbasad amerikèn nan ⤵
*Deklarasyon Anbasad Peyi Etazini*
Peyi Etazini, ki se yon patnè ak zanmi Ayiti depi lontan, pataje dezi li genyen pou jwenn yon demen miyò pou pèp li-a. Etazini sipòte dwa tout pèp nan lemond genyen pou eksprime yo lib e libè ak manifeste nan lapè, epi li sipòte gouvènman ayisyen-an nan mezi li pwoteje dwa sila yo ak sekirite byen ak pwopriyete piblik ak prive.
Nou ankouraje yon dyalòg konstriktif kap pèmèt diskite sou sijè ki bay dezakò yo pou ka rive jwenn solisyon dirab san vyolans. Nou ankouraje tout pati ak tout lidè yo pou yo travay ansanm pou avanse dyalòg politik sila-a nan sans enterè ak aspirasyon pèp ayisyen-an.
Nou ta renmen felisite Lapolis Nasyonal Dayiti pou pwofesyonalis li te demontre nan bay sekirite ak garanti lòd piblik jou ki te 18 novanm-lan ak lòt jou ki te swiv yo. Nou prezante kondoleyans nou bay fanmi ak zanmi viktim yo ki pèdi lavi yo.
Etazini rekonèt lejitimite demokratik gouvènman ayisyen-an ak enstitisyon ak otorite eli yo. Nou ankouraje gouvènman ayisyen-an kontinye efò lap fè pou ranfòse Etadedwa, bonjan gouvènans, ak efò lap fè nan lit kont koripsyon yon fason pou asire estabilite politik ak ekonomik.
Peyi Etazini ap kontinye travay ak peyi Dayiti sou wout yon peyi kote gen plis sekirite ak plis pwosperite pou tout Ayisyen. Nou remake ke Ayiti pral prepare pou òganize eleksyon lejislatif nan lane kap vini-an. Nou espere ke tout Ayisyen ap dakò ke eleksyon sila yo se sèlman nan yon anviwonnman ak lapè, trankilite, transparans ak nan respè lwa ayisyen yo ke yo ka òganize.