
Kreyòl Enfo, 5 jen 2020 .- Direktè administrasyon penitansye nasyonal la konfime, jodi a, plis pase 20 prizonye kontamine ak nouvo kowonaviris la (Sars-CoV-2) nan peyi a. Charles Nazaire Noël presize gen 7 ka nan prizon Jeremi an, 4 Okap, 3 Fòlibète epi 12 nan penitansye nasyonal Pòtoprens.
Biznisman Clifford Brandt ki kondane pou kidnapig pami prizonye ki kontamine yo. Brandt te pataje menm selil ak pwopriyetè « UCO Bureau de Change » la, Jacques Baudelaire ki pèdi lavi anba epidemi an anndan penitansye nasyonal. Pwofesyonèl lasante yo deja fè tès Kovid-19 pou ansyen depite Antony Dumont tou ki te pataje menm selil ak 2 biznisman yo.
Charles Nazaire Noël souliye administrasyon penitansye nasyonal jwenn sipò Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) pou bay prizonye ki enfekte yo laswenyay. Rèsponsab la anonse yo deja pran dispozisyon pou teste tout prizonye yo sispèk ki ka kontamine epi dezenfekte tout espas nan lokal la ki te gen moun rezilta egzamen yo pozitif.
Plizyè òganizasyon k ap defann dwa moun pa sispann rele nan zòrèy otorite lajistis yo sou nesesite ki genyen pou yo pran bon jan mezi yon manyè pou anpeche epidemi anvayi prizonye yo.
Kreyòl Enfo