Konferans jij Lakou Dèkont yo bay pandan senmenn nan pou anonse rapò ankèt sou lajan PetwoKaribe a ap disponib nan mwa janvye 2019 la sanble mete plis gaz toujou nan motè sitwayen ak sitwayèn k ap mande kote lajan pwogram sa pase.
Jodi vandredi a (7), moun nan vil Pòtoprens, Pòdpè, Aken, Ench ak Lewogàn ap manifeste pou kontinye egzije otorite yo nan Leta a fè limyè sou plizyè milya dola ki gagote nan pwogram PetwoKaribe a.
Sitwayen ki rantre nan mouvman#Petrocaribechallenge la kontinye itilize rezo sosyal yo pou mobilizasyon popilasyon an.
Kreyòl Enfo