Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Ayiti gentan pami 100 peyi kote kowonaviris kontamine plis moun

👤 Kreyòl Enfo 30/05/202030/05/2020
Kreyòl Enfo 30/05/202030/05/2020

Kreyòl Enfo, 30 me 2020.- Ofisyèlman nouvo kowonaviris la enfekte 1 584 moun nan tout peyi a, 141 pandan dènye 24 èd tan yo, daprè Ministè Sante Piblik ak Popilasyon. Tablo Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) prepare sou evolisyon pandemi an nan mond la montre Ayiti klase 98e sou 215 peyi ak tèritwa kote kovid-19 la deja prezan.

Anbilans MSPP k ap leve yon viktim kovid-19

Ayiti deja gen plis moun kontamine pase prèske yon tyè (1/3) nan peyi nan zòn Amerikdisid la tankou Venezyela (1 370), Paragwe (964), Irigwe (816). Epidemi an gentan touye plis moun ap Ayiti pase peyi sa yo tou.

»   Kowonaviris gentan touye plis moun Etazini ak Lafrans pase Lachin

Nan rejyon Karayib la, se sèlman Repiblik Dominikèn (16 531) ak Kiba ki gen plis moun kontamine ak kowonaviris pase Ayiti. Peyi tankou Jamayik (575), Matinik (200), Gwadloup (162) ak Trinidad &Tobago vini byen lwen dèyè Ayiti nan tablo OMS la.

Afrik, plizyè peyi kote popilasyon yo pi gran pase Ayiti gen pi piti moun ki kontamine. Malgre yon popilasyon plis pase 114 milyon moun, Etyopi gen sèlman 1 063 moun ki kontamine. Mali, Boukinafaso ak Madagaska se kèk lòt peyi sou kontinan afriken an viris la poko kontamine menm 1 300 moun malgre gwosè popilasyon yo.

Depi otorite lasante yo te fin konfime prezans viris la nan peyi a 19 mas pase a epidemi kovid-19 la pa sispann gaye. Pandan yon semèn kantite moun ki enfekte yo double soti 865 samdi pase a pou rive 1 584 ayè vandredi a.

»   Luckner "Louko" Désir libere aprè anviwon 60 minit nan komisarya Petyonvil

Direktè depatmantal sante Lwès la, Doktè Martial Bénêche, rekonèt pandan yon entèvansyon ayè epidemi kovid-19 la chape anba kontwòl otorite yo.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
EpidemiKovid-19KowonavirisTablo OMS
Kreyòl Enfo

Anvan
IJAN : ansyen senatè Derex Pierre Louis mouri sou kabann lopital ak sentom kovid-19 yo
Aprè
Pou onore manman yo, Juno7 ofri « Melani » sou YouTube

ou ka enterese

Ensekirite : yon lòt polisye tonbe anba bal...

02/10/2019

Avan menm li enstale, Inel Torchon deja revoke...

01/10/2019

Yon ansyen komisè gouvènman denonse batay entèpelasyon ki...

18/03/2019

Okay, biwo Elektrisite Ayiti a (EDH) pase anba...

30/09/2019

Pòtoprens, pwosè senbolik Jovenel Moise pou mete gaz...

18/02/2021

Ijan : Senmak, manistan anvayi yon pòs polis...

27/09/2019

Jovenel Moise nome yon nouvo majistra nan tèt...

08/07/2020

IJAN : Sitiyasyon an konplike Etazini,1 169 moun...

02/04/2020

IJAN : Mèt Bed-Ford Claude pran tèt pakè...

06/02/2021

Mèt Paul Eronce Villard pran tèt pakè Pòtoprens

18/12/2018

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
    Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
  • Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
    Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.