Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Ayiti, enstitisyon ki disponib pou fè tès kowonaviris la konsantre nan kapital la

👤 Kreyòl Enfo 29/05/202029/05/2020
Kreyòl Enfo 29/05/202029/05/2020

Kreyòl Enfo, 29 me 2020.- Direktè demantal sante Lwès la, Martial Bénêche, pote presizyon jodi a sou lopital ki disponib nan peyi a pou yon sitwayen fè tès kovid-19 la. Pou kounye a, kat (4) lokal ki gen kapasite pou fè tès sa twouve yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.

Lopital Siti Med (Dèlma 19), Sen Lik (Taba), Medsen san fwontyè (Dwouya) ak Sant Jeskyo (Pòtoprens) se 4 enstriksyon ki disponib pou fè tès nouvo kowonaviris la nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, daprè direktè demantal sante Lwès la. Doktè Martial Bénêche anonse 2 lòt sant pou fè tès kovid-19 ap disponib nan jou k ap vini la yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Youn ap nan sant olenmpik la (Wout 9) epi lòt la ap nan sant espòtif Kafou a.

»   IJAN : Sitiyasyon an konplike Etazini,1 169 moun mouri ak kovid-19 nan dènye 24 èd tan yo

Sepandan, menm sitwayen k ap viv nan kapital ak zòn ki nan lantouray li yo gen gwo difikilte pou fè tès kovid-19 la. Plizyè nan yo rapòte pwofesyonèl lasante ki nan enstitisyon sa yo di tès la disponib sèlman pou moun ki deja ap soufri byen grav ak tout sentom yo.

Nouvo kowonaviris la gaye nan tout peyi a. Daprè dènye bilan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon pibliye aswè vandredi a, 1584 moun deja kontamine pami yo 35 mouri.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Depatman LwèsKowonavirisLopital Sen LikMartial BénêcheSant JeskyoTès kovid-19
Kreyòl Enfo

Anvan
OEA pran pozisyon nan deba sou manda prezidan Jovenel Moise la
Aprè
IJAN : ansyen senatè Derex Pierre Louis mouri sou kabann lopital ak sentom kovid-19 yo

ou ka enterese

Kowonaviris : Itali depase 21 mil mò, 602...

14/04/2020

Ayiti tansyon : 3 machin Radyo ak Televizyon...

10/06/2019

Wanament, yon Obsèvatwa pou batay kont trafik moun...

20/12/2019

Kowonaviris : difikilte pou rèsponsab lasante yo louvri...

28/04/2020

Larisi anonse premye vaksen kont nouvo Kowonaviris la

11/08/2020

5 desanm : opozisyon an ap manifeste kont...

05/12/2019

Pòtoprens, yon foul pran lari pou egzije demisyon...

04/10/2019

IJAN : 5 polisye ki t ap siveye...

11/09/2020

《Bonda chire, kokorat 》: Roro Nelson salanbe epi...

08/12/2018

Sekirite : Prezidan Repiblik la eksplike misyon « espesyalis...

15/10/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
    Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
  • IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
    IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
  • MOPOD  mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
    MOPOD mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
  • 26 moun ki pi rich nan mond la gen menm kantite lajan ak mwatye limanite, daprè Oxfam
    26 moun ki pi rich nan mond la gen menm kantite lajan ak mwatye limanite, daprè Oxfam
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.