Kreyòl Enfo, premye jiyè 2020.- Anviwon 3 mwa aprè fwontyè yo te fèmen akoz Kowonaviris la, Ayiti akeyi, jodi mèkredi a, premye vòl komèsyal yo nan ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti, Pòtoprens.
Anpil konpatriyòt ki te bloke nan peyi a pwofite okazyon an pou retounen Etazini. Menm jan gen anpil Ayisyen ki te oblije rete Etazini rantre Pòtoprens. Sa ki lakoz anpil moun te gonfle nan sal depa a tankou nan sal rive a.
Plizyè nan mezi otorite yo te anonse tankou distans fizik la pat rèspekte. Gen sitwayen tou ki te gen kachnen yo jis anba babin yo kontrèman ak endikasyon otorite lasante yo.
Rèsponsab Direksyon epidemiyoloji, laboratwa ak rechèch nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon, Doktè Patrick Delly, rekonèt te gen « fay » nan aplikasyon mezi yo. Li pwomèt gen dispozisyon k ap pran pou pote koreksyon depi demen jedi a.
Kreyòl Enfo