Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Jistis

Aprè midi a, pakè Gonayiv tande pou premye fwa Emmanuel « Toto » Constant

👤 Kreyòl Enfo 25/06/202025/06/2020
Kreyòl Enfo 25/06/202025/06/2020

Kreyòl Enfo, 25 jen 2020.- Ansyen chèf Fwon pou Avansman ak Pwogrè Ayisyen yo (FRAPH), Emmanuel Constant alyas Toto reponn pou premye fwa, aprè midi jedi 25 jen, kesyon lajistis nan vil Gonayiv. Kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) nan site lendepandans la konstate plizyè inite espesyalize nan polis nasyonal Ayiti a te akonpaye Toto Constant nan moman li t ap rantre nan lokal pakè a.

Sibtiti komisè gouvènman Mèt Adisson Durogène ki konfime li te tande ansyen chèf FRAPH la pandan anviwon 15 minit pat bay twòp detay sou sak te di pandan rankont sa. Li eksplike sèlman eksplike se te yon premye kontak otorite nan jiridiksyon an te genyen ak Emmanuel Toto Constant.

»   Etazini depòte Emmanuel "Toto" Constant, ansyen lidè FRAPH

Mèt Adisson Durogène presize mouche Constant ki fèmen kounye a nan prizon Gonayiv ap gen pou prezante devan lajistis nòmalman nan jou k ap vini la yo. Li pwofite remèsye chèf pakè Kwadèboukè a, Mèt Maxime Auguste, li di ki te kolabore ak pakè Gonayiv pou pèmèt Emmanuel Toto Constant prezante nan jiridikasyon Gonayiv la jodi jedi a.

Ansyen lidè Fwon pou Avansman ak Pwogrè Ayisyen yo te mele nan masak sou plizyè fanmi nan katye Raboto,Gonayiv, 22 avril 1994. Lajistis nan pi gwo vil depatman Latibonit la te deja kondane Emmanuel Toto Constant (dèyè do l/kontimas) pou pase tout rès vi l nan prizon pandan li te nan peyi Etazini.

»   Emmanuel "Toto" Constant, ansyen lidè FRAPH, pral transfere devan yon tribinal Gonayiv

Otorite amerikèn yo depòte kriminèl la madi 23 jen pase a. Ronald « Roro » Nelson se youn nan pèsonaj pwòch pouvwa Tèt Kale a ki te al akeyi Toto Constant nan ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Emmanuel "Toto" ConstantMasak RabotoMèt Adisson DurogènePakè Gonayiv
Kreyòl Enfo

Anvan
Pouvwa a gen yon plan pou mete gang nan tout katye popilè yo, daprè MOPOD
Aprè
Nan 15 jou, pase 17 300 ayisyen kouri kite Sendomeng pou retounen Ayiti

ou ka enterese

Gwo chabrak bloke rapò sou zak maspinay polisye...

25/05/2020

IJAN : Mèt Bed-Ford Claude pran tèt pakè...

06/02/2021

Lucmane Delille konsidere « Fantom 509 » tankou yon gwoup...

12/05/2020

Nou Konsyan egzije jistis pou Nancy Dorléan ak...

02/07/2020

Jistis : 4 sispèk nan lanmò Mèt Monferrier...

17/09/2020

Kowonaviris : yon grefye mouri, tout aktivite sispann...

02/06/2020

Pakè Pòtoprens pase lòd pou arete « Pwofèt Berger »...

07/07/2020

Jistis : Mèt Ducarmel Gabriel pran tèt pakè...

24/07/2020

Dosye eskandal seksyèl prezidan federasyon ayisyèn foutbòl la...

22/05/2020

Gwomòn : lajistis pwomèt pou jije epi pini...

21/07/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Plizyè milye moun deja mobilize sou Channmas ak kafou ayewopò pou demare ak manifestasyon kont Jovenel Moise la
    Plizyè milye moun deja mobilize sou Channmas ak kafou ayewopò pou demare ak manifestasyon kont Jovenel Moise la
  • RENAMEL denonse "deklarasyon irèsponsab" Jovenel Moise fè kont jounalis yo pandan rankont Konsèy sekirite ONU an
    RENAMEL denonse "deklarasyon irèsponsab" Jovenel Moise fè kont jounalis yo pandan rankont Konsèy sekirite ONU an
  • IJAN : Arnel Joseph, ansyen chèf gang Vilajdedye, tonbe anba bal lapolis
    IJAN : Arnel Joseph, ansyen chèf gang Vilajdedye, tonbe anba bal lapolis
  • Pòtoprens : pwotestasyon devan lokal ministè ekonomi ak finans
    Pòtoprens : pwotestasyon devan lokal ministè ekonomi ak finans
  • Kidnaping : Powèt "Ti Nèg" ansanm ak 2 dominiken bandi te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon yo
    Kidnaping : Powèt "Ti Nèg" ansanm ak 2 dominiken bandi te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon yo
  • Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan komin Kafou
    Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan komin Kafou
  • Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
    Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
  • Mèt Gédéon Jean pote plent kont Michel Martelly ak Roro Nelson
    Mèt Gédéon Jean pote plent kont Michel Martelly ak Roro Nelson
  • Lapolis kraze "sit-in" devan ministè jistis la, Nou Pap Dòmi mande popilasyon an leve kanpe
    Lapolis kraze "sit-in" devan ministè jistis la, Nou Pap Dòmi mande popilasyon an leve kanpe
  • "Car Wash" nan ri lantèman : yon moun mouri, plizyè lòt blese anba bal
    "Car Wash" nan ri lantèman : yon moun mouri, plizyè lòt blese anba bal

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.