Yon prizyonye mouri, 3 lòt blese, maten dimanch 18 novanm nan, pandan prizonye yo t ap eseye sove kite prizon sivil Ansavo a, depatman Nip.
Youn nan pat pawòl Lapolis la, Gary Desrosies eksplike gen 3 gadyen prizon an ki blese tou nan moman prizonye yo t ap eseye chape pou l yo.
Prizon sivil Ansavo a gen anviwon 200 prizonye ladan l. Yo t ap plenyen pou move tretman ak fason y ap mal manje a nan prizon an.