Kreyòl Enfo, 14 me 2020.- Asosyasyon Nasyonal Polisye Ayisyen yo (ANAPOHA) depoze dokiman epi mande Ministè afè sosyal ak travay (MAST) anrejistre yo kòm sendika depi 30 mas 2020. Direksyon travay ministè a resevwa dosye ANAPOHA a ki depoze sou non Jean Emmanuel Victor, daprè enfòmasyon Juno7

Pou kounye a, manm Asosyasyon Nasyonal Polisye Ayisyen yo ap tann atèstasyon definitiv k ap pèmèt yo jwi epi ranpli tout dwa sendikalis yo.
Dezyèm sendika sa pran nesans anviwon 2 mwa aprè Sendika Polis Nasyonal Ayiti a (SPNH-17) te resevwa atèstasyon definitiv yo nan Ministè afè sosyal ak travay.
Kreyòl Enfo