Kreyòl Enfo, 7 me 2020 .- Kontinan afriken an depase, jodi jedi a, 2 000 mò akoz epidemi kovid-19 la. Dènye bilan Sant pou prevansyon ak kontwòl maladi yo nan Inyon afrikèn presize 2 024 moun deja pèdi lavi yo sou kontinan an akoz epidemi an, 52 175 kontamine.

Aljeri se peyi viris la fè plis dega ak 476 mò. Nouvo kowonaviris la gentan touye tou 469 moun nan peyi Ejip, 183 lòt peri Mawòk epi 153 moun pèdi lavi yo nan peyi Afrikdisid.
Kovid-19 poko touye okenn moun ofisyèlman nan uit (8) peyi sou kontinan afriken an : Soudandisid, Namibi, Mozanbik, Lesoto, Santrafrik, Wannda, Ouganda, Eritre.
Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) prevwa epidemi ka fè anpil dega sou kontinan afriken an sitou akoz pwoblèm enfrastrikti sanitè ki manke. Sepandan, plizyè peyi kòmanse soti nan konfinman epi libere aktivite komèsyal yo.
Kreyòl Enfo