Kreyòl Enfo, 18 avril 2020 .- Pandan Afrik ap rapwoche 20 000 kontamine ak Kovid-19 la, Sant prevansyon ak kontwòl maladi nan Inyon afrikèn konfime jodi samdi a nouvo kowonaviris la gentan touye 1 017 moun.
Aljeri gentan konte 364 kadav, se peyi kote viris la touye plis moun nan kontinan an. Epidemi a touye tou 205 moun nan peyi Ejip, 135 nan peyi Mawòk epi 52 Afrikdisid.
Kreyòl Enfo