
Kreyòl Enfo, 8 jiyè 2020.- Premye minis Joseph Jouthe chwazi jounalis Frantz Exantus kòm Direktè kominikasyon Primati. Yon enfòmasyon chèf gouvènman an konfime sou Twitè aprè midi mèkredi 8 jiyè 2020 an.
Frantz Exantus deja pase direktè kominikasyon plizyè enstitisyon nan Leta a pami yo OAVCT. Kòm jounalis li te travay nan radyo Karayib, Signal FM. Li kolabore tou ak plizyè lòt medya nan kapital la.
Kreyòl Enfo