Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalitepolitik

7 fevriye 2021 :menm jan ak Federasyon Bawo yo, Evèk Katolik Ayiti yo mande Jovenel Moise rèspekte konstitisyon an

👤 Kreyòl Enfo 02/02/2021
Kreyòl Enfo 02/02/2021

Evèk Katolik Ayiti yo

Kreyòl Enfo, 2 fevriye 2021.- Nan yon nòt ki pote dat 2 fevriye 2021, Konferans Evèk Ayiti yo (CEH, sig nan lang franse) bay pozisyon yo sou dat manda prezidan Jovenel Moise ap rive nan bout li. Manm CEH yo pran menm pozisyon ak Federasyon Bawo yo ki mande Jovenel kite pouvwa 7 fevriye 2021.

Evèk yo raple « prezidan Repiblik la aplike lwa elelektoral la ak konstitisyon an kont depite yo, senatè yo ak majistra yo nan ane ki sot pase a. Li te montre lalwa se yon sèl li ye ni pou lòt eli yo, ni pou li menm tou, konsa li tou pwoklame lalwa se yon sèl li ye pou tout moun ».

Kreyòl Enfo ap pèmèt ou li tout nòt Evèk Katolik Ayiti yo :

 

Mesaj Evèk Katolik Ayiti yo (CEH)

Frè nou yo ak Sè nou yo nou renmen anpil yo,

  1. Pou nou kapab rete fidèl ak misyon nou genyen pou n mache ak Pèp Bondye a, ede tout fanm ak tout gason bòn volonte wè klè, epi pou n rete solidè ak tout konpatriyòt nou yo, espesyalman sila yo k ap soufri yo, nou menm, Evèk Katolik Ayiti yo, nou jije li nesesè pou nou bay dizon Legliz la nan sitiyasyon peyi a ye jounen jodiya, yon sitiyasyon ki bay dezolasyon : menm jan ak Jezikri, Legliz la toujou mete l bò kote sa ki drèt, laverite, jistis, respè pou lavi ak diyite moun. Se pozisyon sa a nou pran ak fèm konviksyon ki p ap janm chanje kèlkeswa jan sa ye a. Men, menmsi sa klè epi pagen okenn dout ladan, nou ka ajoute de (2) konsta :

  2. Prezidan Repiblik la aplike lwa elektoral la ak konstitisyon an kont depite yo, senatè yo ak majistra yo nan ane ki sot pase yo. Li te montre lalwa se yon sèl li ye ni pou lòt eli yo, ni pou li menm tou, konsa li tou pwoklame lalwa se yon sèl li ye pou tout moun. Nou rete kwè tout moun dakò sou prensip ki di pèsonn pa pi wo pase lalwa ak konstitisyon peyi a. Premye konsta sa a fè nou pa bezwen ni literati, ni jistifikatif jiridik ankò. Tout moun vle pou Ayiti yon Leta ki chita sou lalwa.

  3. Men dezyèm konsta a : Peyi a prèt pou l eklate ; sa pèp la ap wè devan je l chak jou se lanmò, asasinay, enpinite, ensekirite. Tout kote ou pase, prèske nan tout domèn, se machwè gonfle. Gen anpil bagay ki fè moun yo fache, tankou : fason yo mete Konsèy Elektoral Pwovizwa, fason y ap fè yon lòt konstitisyon, elatriye. Sa vle di, se pa sèlman ravaj kidnaping nan ap fè yo ki fè moun pa ka viv nan peyi a. Èske nou dwe aksepte oubyen tolere sa ?

  4. Nan mitan kriz sosyo-politik ak ekonomik san rete sa a, melanje ak pwazon rayisans ak mefyans, nou dwe chèche pito pou n jwenn yon antant sou tout sa ki kreye pwoblèm ; fòk nou konstwi sa nan dyalòg sosyal epi enstitisyonèl pou n ka evite katastwòf. « Gen kèk moun ki kouri kite reyalite a, y al kache nan mond pa yo, yon lòt gwoup moun fè fas kare ak reyalite a, men yo sèvi ak vyolans k ap detwi ». Poutan, « ant endiferans egoyis ak reyaksyon vyolan, gen yon opsyon ki toujou posib : dyalòg » (Pap Franswa, Fratelli tutti # 199). Se sèlman pon antant la k ap ede diferan aktè yo evite, yon kote oswa yon lòt, pou tout Ayiti pa al tonbe pi fon ankò pase kote li ye a.

  5. Nou mande frè ak sè ayisyen nou yo pou yo montre yo gen disiplin, bon konprann ak sajès nan chèche sa ki pi bon pou Nasyon an. Nou mande moun ki gen misyon pou veye sou lavi ak byen moun, pou yo garanti sekirite tout moun epi fè moun k ap simaye lanmò yo mete zam yo yon kote, yon fason pou kidnaping ak ensekirite disparèt nèt nan peyi d Ayiti. Tankou Pap Franswa raple nou an, « konstwi lapè sosyal nan yon peyi pa janm fini nèt. Sa se yon travay san pran souf ki mande angajman tout moun … Se pou jefò sa a fè nou vire do bay tout atirans vanjans ak chèche enterè pèsonèl nou sèlman epi pou yon ti bout tan. (Fratelli tutti # 232).

  6. Nou envite nou akèyi mesaj sa a tankou akonpayman Legliz nou an ak repons Konferans Evèk Katolik Ayiti yo (CEH) abitye bay youn oswa yon lòt pati oubyen gwoupman politik k ap tann nan men l « bon konsèy li yo » nan inisyativ ki enpòtan anpil yo. Pandan n ap swete pou patriyòt ayisyen ki gen reskonsablite nan zafè Leta peyi a montre yo pi diy ankò pase zansèt nou yo, pandan n ap mande yo pou yo mete yo nan travay touswit san pè san krent, nou renouvle lanmou nou genyen pou peyi nou an. Nou mande Lespri sen an pou l klere moun k ap twoke kòn yo, epi nou mande Manman Pèpetyèl Sekou, Patwòn Ayiti, pou l pran defans nou bò kote Jezikri, Pitit Bondye a, Limyè tout Nasyon.

»   Yon 28è bouji sou tèt Gwoup Inisyativ pou Inite Kanp Pèp la (GIIKAP)

Mesaj ki soti nan syèj Koferans Evèk Peyi d Ayiti, nan dat 2 fevriye 2021.

Kreyòl Enfo 

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
CEHEvèklegliz katolikpolitik
Kreyòl Enfo

Anvan
Lanmò : Serge Gilles, ansyen prezidan pati Fusion, mouri sou kabann lopital
Aprè
Ensekirite : yon ansyen konsil mouri anba bal bandi pandan yon tantativ kidnaping Dèlma 40B

ou ka enterese

Leta entèdi Boeing 737-8 MAX ak 737-9 MAX...

25/03/2019

Yon dezyèm jounen tansyon nan kapital la

08/02/2019

Lapolis revoke Abelson Gros Nègre, pòt pawòl SPNH-17...

02/09/2020

Okap, yon pwopriyetè bòlèt tonbe anba bal bandi

16/01/2019

Colombe Émilie Jessy Menos, nouvo minis delege kont...

14/07/2020

Clarens Renois, Assad Volcy, Victor Benoit… lidè politik...

06/02/2019

Nouvo kabinè ministeryèl la fòme ak 9 fanm...

25/07/2019

Tigwav, 19 endividi pami yo 6 fanm anba...

05/12/2018

Atak kont Eric Jean Baptiste : 17 moun...

22/12/2018

Yon bout nan Komisyon pou dyalòg nan mitan...

25/02/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
    Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
  • Mèt Iswick Théophin ak yon lòt militan politik jwenn arèstasyon yo devan Anbasad amerikèn
    Mèt Iswick Théophin ak yon lòt militan politik jwenn arèstasyon yo devan Anbasad amerikèn
  • Ijan : Tout prizonye sove nan vil Aken
    Ijan : Tout prizonye sove nan vil Aken
  • Gonayiv : yon sendika anplwaye pran nesans nan inivèsite piblik Latibonit la
    Gonayiv : yon sendika anplwaye pran nesans nan inivèsite piblik Latibonit la
  • 104 "Congressman" ameriken reklame yon ankèt sou PetwoKaribe ak vyolans k ap fèt sou moun Ayiti
    104 "Congressman" ameriken reklame yon ankèt sou PetwoKaribe ak vyolans k ap fèt sou moun Ayiti
  • Lapolis libere Mèt Iswick Théophin ak sikològ Jean Samieux St-Fleur ki te jwenn arèstasyon yo devan anbasad amerikèn nan
    Lapolis libere Mèt Iswick Théophin ak sikològ Jean Samieux St-Fleur ki te jwenn arèstasyon yo devan anbasad amerikèn nan
  • Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
    Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
  • Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
    Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
  • Latibonit, RANIPH mande Leta aplike lwa sou entegrasyon moun andikape yo
    Latibonit, RANIPH mande Leta aplike lwa sou entegrasyon moun andikape yo
  • Kidnaping : bandi touye yon timoun 5 lane epi jete kadav la sou yon pil fatra
    Kidnaping : bandi touye yon timoun 5 lane epi jete kadav la sou yon pil fatra

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.