Kreyòl Enfo, 31 janvye 2021.- Manifestasyon nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ak divès lòt vil nan peyi a, aprè midi dimanch la (31), pou mande Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021 jan konstitisyon an egzije sa. Mobilizasyon jeneral sa ap dewoule sou inisyativ opozisyon an.
Pòtoprens, manifestasyon an te demare ak plizyè tèt. Divès gwoup yo ki ta pral rankontre nan kafou ayewopò, militan yo rebatize kalfou rezitans, ap lanse anpil pawòl piman bouk kont rejim Tèt Kale a. Pwotèstatè yo ap denonse tou fenomèn kidnaping ki anvayi peyi a. Plizyè inite nan polis nasyonal Ayiti a (PNH, sig nan lang franse) akonpaye pwotestatè yo.
Lidè Pitit Desalin nan, Jean Charles Moise, te pran tèt manifestasyon an ki te reyini plizyè milye moun. Ansyen kandida pou pòs prezidan an avèti chèf Leta a si li pa kite pouvwa a 7 fevriyek ap vini la a pèp ayisyen an pa rèsponsab li.
Senmak, pwotestatè yo itilize plizyè gwo kamyon pou bloke wout nasyonal nimewo 1 an (RN1). Anpil kawoutchou ap boule nan divès kwen nan vil la. Yon sitiyasyon ki anpeche machin travèse vil Senmak. Gwo mouvman pwotestasyon fèt pandan jounen an tou nan vil Oksp, Miragwán, Mibalè elatriye.
Sendika nan divès sektè anonse 2 jounen grèv jeneral nan tout peyi a toujou nan lide pou fòse Jovenel Moise rèspekte konstitisyon an epi kite pouvwa a 7 fevriye 2021.
Kreyòl Enfo