Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
politik

MOPOD mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021

👤 Kreyòl Enfo 13/01/2021
Kreyòl Enfo 13/01/2021

Yon gwoup dirijan MOPOD pandan yon konferans pou laprès

Kreyòl Enfo, 13 janvye 2021 .- Mouvman Politik Popilè Desalinyen (MOPOD, sig nan lang franse) pozisyone l nan deba ki genyen nan sosyete a sou dat prezidan Jovenel Moise dwe kite pouvwa a. Nan yon konferans pou laprès jodi mèkredi a (13), kòdonatè MOPOD la Agwonòm Jean Andre Viktok mande prezidan Repiblik la rèspekte atik 134-2 konstitisyon an epi kite pouvwa a 7 fevriye 2021.

Rèsponsab MOPOD yo mande tout fòs viv peyi a leve kanpe pou fòse Jovenel Moise bay pouvwa a si li ta vle fè rezitans. Serge Jean Louis felisite divès sektè nan opozisyon an ki mete ansanm pou sòti kalandriye mobilizasyon jeneral nan tout peyi a.

»   Jovenel Moise voye jete tout posibilite pou l demisyone

Mouvman Politik Popilè Desalinyen voye yon pinga bay kominote entènasyonal la sitou Òganizasyon Leta Ameriken yo (OEA, sig nan lang franse) li di ki vle kontinye sipòte pouvwa Tèt Kale a nan vyole konstitisyon an. Rèsponsab MOPOD yo fè kwè yo pap pran lòd nan men okenn enstans nan entènasyonal la sou zafè politik peyi a.

MOPOD siyale se lamizè, grangou, kòripsyon ak ensekirite ki karakterize pouvwa Tèt Kale a. Dirijan politik yo di peyi a paka rete nan sitiyasyon malouk sa, wè pa wè fòk Jovenel Moise kite tèt Leta a 7 fevriye k ap vini la a.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Jean André VictorJovenel MoiseMobilizasyonMOPODpolitik
Kreyòl Enfo

Anvan
Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
Aprè
Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas

ou ka enterese

Politik : malgre kontestasyon, KEP a pibliye yon...

07/01/2021

Chèf pakè Pòtoprens la lanse yon pinga bay...

04/06/2020

Pou Mirlande Manigat, manda prezidan Jovenel Moise ap...

12/06/2020

OEA pran pozisyon nan deba sou manda prezidan...

29/05/2020

BINUH plede pou yon refòm nan Konstitisyon Ayiti...

15/06/2020

Ayiti : absans Palman an, yon boulva pou...

02/11/2020

Gonayiv : lameri bloke yon distribisyon materyèl ak...

15/05/2020

Jean Charles Moise nan tèt yon karavàn distribisyon...

21/05/2020

IJAN : tout manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a...

24/07/2020

Yon 28è bouji sou tèt Gwoup Inisyativ pou...

28/06/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
    IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
  • Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
    Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
  • Yon etidyan Fakilte Syans Moun (FASCH) blese anba bal lapolis
    Yon etidyan Fakilte Syans Moun (FASCH) blese anba bal lapolis
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
    Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.